mardi 17 février 2015

Extrait du statut de la Vision mutuelle en créole haitien

Non – Konpozisyon – Syèj sosyal
Atik 1.- Mityèl solidarite ki gen stati sa a rele « vizyon mityèl » tigwav
Atik 1-1.- Vizyon mityèl la se yon mityèl solidarite sosyal ak ekonomik ki pa nan politik
Atik 2.- Vizyon mityèl, gen kòm manb, peyizan, moun nan vil tigwav e latriye.
Atik 2-1.- Tout manb vizyon mityèl la, youn dwe konn lòt epi konnen kisa lòt ap fè kòm aktivite sosyal ak ekonomik epi kote yap viv.
Atik 3.- Syèj sosyal vizyon mityèl la sitiye nan enpas Samyèl Jeremi (nan antre lekòl pyèbatis), asanble jeneral la gen dwa chanje lokal la.
Atik 4.- Deviz vizyon mityè la se « An’n kwape lamizè »
Atik 5.- Tout manb Vizyon Mityèl la dwe pale yon sèl lang ki se kreyòl nan rankont yo, paske tout lòt moun dwe konprann sa kap fèt epi sa kap di.
Atik 5-1.- Tout manb ki vyole prensip sa ap tonbe anba yon penalite kote lap prezante eskiz piblik nan reyinyon kap vini epi peye 15 goud
Atik 5-2.- Si ta gen yon etranje oubyen yon moun ki pa pale kreyòl ki vinn nan reyinyon vizyon mityèl la pou yon rezon byen defini, asanble jeneral la ap fè chwa yon manb pou tradui an kreyòl.
Atik 6.- Vizyon mityèl la fonde pou yon dire kip a gen limit. Men tout fwa otorite lajistis, DGI, ministè enteryè ak kolektivite teritoryal, ministèafè sosyal kapab mande nou mete fen ak aktivite nou sita gen mavèzasyon ak tout lòt bagay ki kontrè ak la lwa.
Atik 7.- Objektif Vizyon Mityèl la rezime konsa :
a)      Chanje lavi sosyal ak ekonomik moun ki nan lokalite tigwav ak lòt lokalite ki anviwonen li yo pandan yap fè bon jan solidarite
b)      Itilize resous ki gen nan komin tigwav ak sa nap resevwa kòm èd pou nou devlope vizyon mityèl la
Atik 8.- Wòl vizyon mityèl la antanke asosyasyon finansyè, sosyal ak ekonomik se :
1)      Mete nan chak zòn yon sistèm finansman san repwòch
2)      Pèmèt manb li yo  jwenn kredi nan bon kondisyon
3)      Anpeche manb li yo ale pran ponya
4)      Pèmèt manb li yo òganize ak fasilite echanj nan mitan yo sou pwoblèm ke yap fè fas tankou sa ki gen rapò ak anviwonman an elatriye
5)      Lite kont lespri rayisab ak mechanste ke nou itilize pou anpeche pwochen nou yo grandi ekonomikman
6)      Pèmèt nou aprann kotize nan bon jan solidarite pou nou ka fè fas ak kèk pwoblèm ke kominote a ap fè fas.
7)      Pèmèt òganizasyon sa fè ti pwojè pou kont li san li pa bezwen èd lòt enstitisyon pou nenpòt ki bagay
Atik 9.- Vizyon mityèl, kòm tout lòt mityèl solidarite pa la sèlman pou regle zafè lajan, men li la poul voye je, tande, koute tout koze kap pèmèt manb li yo ak kominote kote yap viv la devlope nan kò yo ak nan lespri yo
Kondisyon pou yon moun manb Vizyon Mityèl la
Art 10.- Pou yon moun manb Vizyon Mityèl la fòk li ranpli tout kondisyon sa yo :
1)      Fòk li ranpli yon fòmilè enskripsyon epi patisipe nan tout aktivite Vizyon SDJ yo
2)      Fòk moun nan gen laj ak kapasite pou konprann kisa chanje lavi nan tèt vle di
3)      Fòk kominote a pa konnen moun sa a kòm chimè ak kriminèl
4)      Fòk moun nan pran angajman ke lap koube anba tout lòd ak prensip ke manb vizyon mityèl la te vote pou yo respekte
5)      Fòk moun nan pran angajman poul patisipe nan tout reyinyon sof na ka de fòs majè, pwoblèm politik
6)      Fòk moun nan gen yon bon pase onèt ak kredib
7)      Peye yon frè pou materyèl
Oganizasyon ak fonksyonman Vizyon Mityèl la
Atik 11.- Vizyon mityèl la òganize konsa :
1)      Yon asanble jeneral
2)      Yon komite ki soti nan asanble jeneral la ke manb yo te vote
3)      Yon bann materyèl ak dokiman kontab: kaye/kanè/fich pèsonèl ak 3 kès
Atik 12.- Se asanble jeneral la ki gen ki se sèl chèf Vizyon Mityèl la, sa vle di se tout manb yo ki chèf mityèl la. Desizyon asanble a se wi epi amèn.
Atik 12-1.- Gen asanble jeneral se lè gen pou pi piti 51 % manm ki reyini
Atik 12-2.- Asanble jeneral la reyini chak dezyèm ak katriyèm jedi nan mwa yo. Lè reyinyon an se 3 zè nan aprè midi nan ri samyèl jeremi, men si gen rezon fòs majè oubyen yon ijans asanble a ka chwazi yon lòt lè, yon lòt jou, yon lòt andwa pou fè reyinyon
Atik 12-3.- Wòl asanble jeneral la se :
1)      Fè Vizyon mityèl la òganize yon jan pou tout manb li yo santi yo alèz ladann ak gen bon jan kontwòl
2)      Veye ke chak manb nan komite a fè travay li kòm sa dwa
3)      Chache konnen ki oryantasyon komite a ap bay Vizyon Mityèl la pandan ke yap rete nan kad ide sosyal ak finansman popilè
4)      Pran pozisyon sou pwoblèm ke komite a ak zòn ki anviwonen’l yo ap rankontre
5)      Fè eleksyon pou mete komite nan tèt Vizyon Mityèl la
6)      Pran sanksyon kont tout manb ki pa vle respekte prensip ak règleman ki tabli nan vizyon mityèl la

vendredi 13 février 2015

Une vision pour Haïti.





 
Au cours de son histoire, Haïti a été baptisé pour sa prospérité et sa beauté « la perle des Antilles », mais aujourd'hui, pour les fils et les filles de la mère patrie, vivre parait comme une résignation que seuls les plus vulnérables ont obligés d’accepter. Tandis que, nous en sommes certains que les visions et les bras ne manquent pas pour redonner à Haïti un nouveau décor, et à ses fils et filles l’envie de vivre, tout en connectant et collectant tout ce qu'ils pourront avoir comme capacités intellectuelles et financières. Alors, pour atteindre un objectif si grandiose ou tout au moins pour servir de catalyseur, cette organisation du nom de Vision SDJ a pris naissance.
Moins

vendredi 6 février 2015

Organigramme de la Vision SDJ

Jude AIMABLE: Coordonnateur
Yvelt LATTAQUE: trésorier
Mendelsohn PERVILUS: secrétaire 
Wilfrid SOLIMAN: relationniste
Guerasina BERTRAND: secrétaire adjoint

samedi 17 janvier 2015

Developper les petites entreprises

"Madan Bo" est une petite entreprise sis à la rue lamarre de Petit-Goâve,Haïti, qui s'investit dans la production locale. En attendant elle offre deux produits: "Manba Madan BO" et "Konfiti Madan Bo" qui est à 100% naturelle, avec une saveur agréable sans égal. "Madan Bo" est une entreprise familiale qui porte le nom d'une mère de 5 enfants et de 8 petits enfants. Pour développer leur petite entreprise, les membres de la famille n'a pas fait choix des micro-crédits ordinaire, mais ils ont choisi plutôt de devenir membre de la "Vision Mutuelle", entité qui s'occupe des prêts dans la "Vision SDJ". "Gras ak Vision Mutuelle biznis nou an ap grandi" déclare Madan Bo, contente et fière de voir leur petite entreprise qui se développe.

mercredi 7 janvier 2015

Mission de la Vision SDJ

La mission principale de la Vision SDJ est d’inciter la population Haïtienne à changer le mode de fonctionnement de son économie, tout en cherchant des moyens financiers pour nous aider à développer les Petites et Moyennes Entreprises (PME), car il est certain que l'influence des PME sur l’économie augmente à chaque jour qui passe.